143 Ala mwen pa kapab o Bondye Sm
143 - Ala mwen pa kapab, o Bondye… Sòm 116. 12 Lespri ak Lavi - N° 143 Repè : Que ne puis-je, ô mon Dieu Dapre tèks : Ad. Monod Mizik : A. Bost
143 - Ala mwen pa kapab, o Bondye… 1. Ala mwen pa kapab, o Bondye delivrans mwen ! Ranpli ak chan louwanj Ou tout latè ak syèl la, Pou m pran yo pou temwen, temwen rekonesans mwen, Pou mwen di tout mond lan kòman mwen gen lajwa.
143 - Ala mwen pa kapab, o Bondye… 2. Mwen byen lè m ap koute W, lè m ap koute pawòl sa, Ki di “limyè egziste”, e limyè pran klere ; Li desann vin jwenn mwen, Li leve m nan pousyè a, E Li di mwen : “Se la pou tout sove pase. ”
143 - Ala mwen pa kapab, o Bondye… 3. Mwen byen lè n ap pale, nan traka, move lavi, Mwen fè monte kote Ou omaj mwen, sa mwen vle, Se ak libète yon pitit devan papa li, Tankou yon pechè k ap tranble devan Bondye.
143 - Ala mwen pa kapab, o Bondye… 4. Mwen byen lè m ap pran kou, e se Ou k ap kale mwen, Ou bat mwen ak lanmou, m ap soufri ak lanmou ; M ap kriye san doute sou lanmou Ou Papa mwen. Kriye nan pye lakwa, men, kriye pou yon jou.
143 - Ala mwen pa kapab, o Bondye… 5. Mwen byen, lè move zè, vini pou fè mwen tonbe, Lè m pran lakwa pou zam mwen, Mouton an pou Sovè, Mwen goumen ajenou, mwen goumen e mwen leve Vènkè, men, m kolboso, men, m venkè.
- Slides: 6