139 Jezi se tout bagay pou mwen Kolosyen

139 - Jezi se tout bagay pou mwen Kolosyen 3. 11 Lespri ak Lavi - N° 139 Repè : Jesus is all the world to me Dapre tèks : Will Lamartine Thompson Mizik : Will Lamartine Thompson

139 - Jezi se tout bagay pou mwen 1. Jezi se tout bagay pou mwen : Li se tout sa m bezwen, Li se fòs mwen chak jou ki jou : san Li m pa t ap anyen.

139 - Jezi se tout bagay pou mwen Lè m kolboso se Li m al jwenn, lòt moun pa ka refè lavi m, Lè m kolboso, Li fè mwen fre. Se Zanmi m !

139 - Jezi se tout bagay pou mwen 2. Jezi se tout bagay pou mwen : Zanmi m lè m antrave. M ale kote L pou L beni mwen : Li fè m gras san rete.

139 - Jezi se tout bagay pou mwen Li voye solèy ak lapli, Li voye rekòt ak tout fri, Solèy lapli, rekòt ak fri. Se Zanmi m !

139 - Jezi se tout bagay pou mwen 3. Jezi se tout bagay pou mwen, m ap toujou kwè nan Li. Kòman m ta fè trayi zanmi m, lè L kwè mwen se zanmi L ?

139 - Jezi se tout bagay pou mwen M ap suiv Li, Li kenbe men mwen ; L ap veye m Li p ap janm dòmi ; M ap suiv Li e L pa janm dòmi, Se Zanmi m !

139 - Jezi se tout bagay pou mwen 4. Jezi se tout bagay pou mwen, o, Li konn fè Zanmi ! Mwen kwè nan Li, jis mwen mouri, m ap toujou kwè nan Li.

139 - Jezi se tout bagay pou mwen Lavi a bèl lè l se Zanmi w, Li bèl e li p ap janm fini. Lavi, lajwa ki etènèl. Se Zanmi m !
- Slides: 9